1 Korentyen Yo16hat_bsa

1Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.2Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.3Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;4epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.5Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine.6Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.7Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.8Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la;9Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.10Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.11Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.12Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.13Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.14Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.15Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo).16Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.17Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm.18Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.19Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a.20Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.21Salitasyon de pwòp men pa m——Paul.22Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!23Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.24Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.