Sòm92hat_pds
1(092:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (092:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.2(092:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.3(092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.4(092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.5(092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!6(092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.7(092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.8(092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.9(092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.10(092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.13(092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.14(092:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.15(092:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.