Sòm121hat_pds

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?2Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.3Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.5Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.7Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.8L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.