Sòm102hat_pds

1(0102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (0102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.2(0102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.4(0102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.5(0102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.6(0102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.7(0102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.8(0102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.9(0102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.10(0102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.11(0102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.12(0102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.14(0102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.15(0102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.16(0102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.17(0102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.18(0102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.19(0102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,20(0102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.21(0102:22) Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,22(0102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.23(0102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.24(0102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.25(0102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.27(0102:28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.28(0102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.